Ferme Paysanne de Deschamps-FEPAD
17/10/2020
17 oktòb 1806-17 oktòb 2020 deja 214 lane depi kolon yo te asasinen papa nasyon an pou yon gro batay li te lanse depi nan fen 18è syèk lan pou te rann ayiti souveren sou tout fòm,pami yo souverènte alimantè paske aprè endepans nou, li te mete sou pye yon politik agrikòl ki te chita sou pilye sa yo:
✓Prodwi bon jan kalite manje pou tout moun.
✓Proteje ak amenaje anvironman peyi dayiti.
✓Koupe fache ak ''morcellement des espaces cultivées".
✓ Pa chita Sou menm chèz ak movèz distribisyon tè.
Ferme Paysanne de Ferme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPAD bò kote pal ki genyen yon filozofi nan djakout li yon filozofi ak plan travay ki koupe tèt kole ak sa Desalin tap klèronnen byen fò ak lanbi libète,lanbi chanjman nan zòrèy tout kolon ak "arnacho-popilus" nan epòk lan.Nou pataje tristès lanmò sa ak tout pitit Desalin kap soufri jounen jodia sou tout fòm espesyalman pou jwenn manje ki fèt nan bon kondisyon ak an kantite nan peyi a pou pèp la manje pandan lap raple nou ak tout dirijan peyi a, li lè li tan pou nou sispann taye banda ak grangou ak manje ki fèt nan mal site paske zansèt yo an patikilye papa nou pat goumen pou sa ;yo te goumen pou jodia nou granmoun tèt nou,pou nou lib nou sonje deklarasyon sa wi :"depi yon moun pile bout tè sa li lib"hmmmmmm sa vle di anpil bagay pi gro bagay ki ka penmèt yon nonm ou yon kominote ou yon peyi lib se lè li ka bay tèt li manje nan sans sa FEPAD deklare jodia yon jounen refleksyon k'ap fèt nan lokal fèm lan e pral pran fen sou radyo bilio 90.1 fm(komin janrabèl) kap chita Sou:
✓Janrabèl fas ak souverènte alimantè.
✓politik agrikòl Desalin e opòtinite pou devlope sektè agrikòl la nan janrabèl.
Kolon yo te konn chwazi lè pou nou manje,Jan pou nou manje ak kisa pou nou manje, jodia yon lòt fwa nou di non!
Nou pap bay legen nan batay souverènte alimantè a viktwa final la se pou pèp.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Jean-Rabel