Doppromo
04/02/2026
Kesnel Dorlean se yon jèn Ayisyen ki pran nesans nan vil Akayè, li te grandi nan difikilte, men li pa janm kite sitiyasyon lavi a kraze rèv li. Aprè tranblemann tè 12 janvye 2010 la, li te siviv e li te oblije travay nan pwogram "Cash for Work" pou netwaye dekonb yo. Pita, li te vin chofè motosiklèt nan Pòtoprens pou l ka soutni tèt li ak fanmi li. Malgre tout baryè yo, li te kenbe lespwa ak detèminasyon pou chèche yon lavi miyò.
Anvan Koupdimond 2014, li pran chans pou l kite Ayiti pou ale nan peyi Brezil. Nan yon peyi etranje, li te fè fas ak anpil difikilte adaptasyon, men li pa t dekouraje. Avèk anpil sakrifis ak travay di, li rive bati yon nouvo chimen, jodi a li vin antreprenè ki posede plizyè biznis tankou Five Stars Turismo, Kesso Store, ak Kess Electronic. Sa montre kapasite li pou leve tèt li nan mitan difikilte epi chèche estabilite.
Istwa Kesnel se yon vwayaj sòti nan povrete rive nan richès, yon egzanp vivan pou sosyete a. Li montre ke ak kouraj, rezistans, ak travay di, nenpòt moun ka chanje lavi yo. Kesnel sèvi kòm modèl pou jenerasyon jèn yo, pwouve ke pa gen limit pou moun ki gen volonte pou reyalize rèv
26/01/2026
jpp papa blod 💸🥶✅
followers page la guy ✅
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.