BBC Boss Batho Construction.SA

BBC Boss Batho Construction.SA

Partager

21/04/2026

BBC CONSTRUCTION DIW!!!

Nou kontan genyen ou isit la! Paj sa a fèt pou pataje bon konsèy, teknik pwofesyonèl, ak ide enpòtan sou fason pou konstwi kay solid, bèl, epi dirab.
Kit ou gen pwojè pou bati, renove, oswa jis ou vle aprann plis sou konstriksyon, ou nan bon plas la.
💡 Objektif nou:
”ede w bati ak entèlijans, sekirize avni ou, epi reyalize rèv ou.
🏠 “Bati ak presizyon, viv ak sekirite.”
🧱 “Yon bon fondasyon jodi a, se lapè demen.”
📐 “Planifye byen, konstwi pi solid.”
🔨 “Kalite nan chak etap, fyète nan chak kay.”
🏗️ “Soti nan plan rive nan reyalite, nou bati rèv ou.”
🏡 “Kay pa sèlman miray, se sekirite ak konfò.”
⚒️ “Bon teknik bay bon rezilta.”
📏 “Mezi egzak, travay pafè.”
🏠 “Fè li byen premye fwa a.”
🧱 “Dirab, solid, serye.”

Lè w ap konstwi yon kay, se pa sèlman mete blòk sou blòk. Se yon pwosesis ki mande planifikasyon, teknik, ak bon jan materyèl. Yon bon fondasyon se baz tout bagay — li garanti sekirite, dirabilite, ak konfò pou ane k ap vini yo.
✔️ Fè yon plan solid avan ou kòmanse
✔️ Chwazi bon materyèl pou rezistans ak kalite
✔️ Travay ak moun ki gen eksperyans
✔️ Pa neglije detay yo — se yo ki fè diferans lan
💡 Sonje: “Fè li byen premye fwa a pou w pa repare li de fwa.”
Bati rèv ou ak presizyon, paske yon kay byen konstwi se yon envestisman pou lavi.

👉 Pa bliye like, pataje, epi swiv paj la pou plis kontni enteresan!

Photos from BBC Boss Batho Construction.SA's post 15/04/2026

🧠🧠🧠YON LOT MANTALITE

🏬Tan AP modernisée, a koz rezo sosyo ak ansanm de Nou fe fas dja, anpil Moun nan kominote an Komanse wè e konprann enpotans ki genyen Lew bati selon nòm teknik AK prensip.

🏗️Professionnel yo komanse gen plis demand ( kontinye travay byen san kole pyese) tout Moun ta renmen gen yon bel Kay kote vi yo ak fanmiy yo an sekirite.

🏗️Ingénieur, contremaître, maçon, manoeuvre elatriye... Ann rete nan plas Nou, an Nou chak jwe wol Nou(l'homme qu'il faut à la place qu'il faut) san lide de supériorité, san litij.

🚨🚨🚨🚨🚨🗺️Pa bò isit Moun pa monte sou travail lot, sa Dwe chanje on est au 21e siècle 🤔 Fok yon Moun ki pat gen chans rele yon teknisyen kapab benefisye yon étude oubyn nan men yon professionnel konpetan nan kelke swa nivo Kay lan ta ye an.

✅Sa pa vle di Moun sa pwal vòlè travail ou, men si Nou vle chanje sistem nan pou sekirite chak grenn konpatriyòt Nou Dwe chanje mantalite Nou dabò.
kontakte Nou pou Tout Sevis:
4101 2512

Vous voulez que votre entreprise soit Société D'ingénierie la plus cotée à Gressier ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Gressier Carrefour
Gressier