Denilson Super Best
11/10/2025
🌪️ Nòt Edikatif : Kisa yo rele “TROMB MARIN”?
Jodi a, kèk moun te gen chans wè yon fenomèn ki ra e ki bèl anpil : yon tromb marin.
Men kisa sa ye?
Tromb marin lan se yon gwo van ki vire fò nan fòm yon ti twoublon ki leve sou lanmè oswa sou yon lak.
Li sanble ak yon tònad, men li fèt sou dlo. Sa rive lè lè cho monte soti nan dlo a, epi li rankontre lè frèt ki nan syèl la ,konsa fòmasyon an kòmanse.
🧭 Kisa pou fè lè ou wè yon tromb marin
✅ Gade l lwen sèlman, pa pwoche
🚫 Pa pran risk pou al fè foto twò pre
🏠 Si syèl la vin fè nwa oswa van an vin fò, rantre andedan kay
📞 Si li pwoche twòp bò tè, rete vijilan epi suiv nouvèl yo
COJEDEC
Money isn't the measurement of your fulfillment.
14/01/2023
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.