GPS TECH
12/12/2025
Atansyon ak yon nouvo fòm atak sibernetik ki vin pi rafine : dapre yon rapò Kaspersky pibliye 9 desanm 2025 lan, cyberkriminèl yo ap itilize Google Ads pou voye itilizatè yo dirèkteman sou chatgpt.com, men atravè konvèsasyon pataje ki te deja manipile, kote yo prezante fo gid enstalasyon pou zouti OpenAI Atlas la ; yon senp liy kòmand yo mande w kopye nan Terminal la pa enstale okenn lojisyèl lejitim vre, li lanse an reyalite yon malware ki vòlè modpas, cookies, dokiman ak lòt done sansib, sa ki montre ke menm platfòm ki parèt serye yo ka vin tounen zouti atak si itilizatè yo pa vijilan ; règ la klè : pa janm egzekite kòmand ou pa konprann, kèlkeswa sous la, paske sekirite dijital pa sèlman kesyon teknoloji, men an premye kesyon konsyans ak vijilans itilizatè yo. Abòne sou X: https://x.com/iam_tektek?s=21
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas