Voix des anges - VDA

Voix des anges - VDA

Partager

16/01/2026

We're so proud of you!!

Mwen se Samantha Doizin , mwen fèt 11Decembre 1998 delmas 19, mwen se 3e pitit, mwen fèt nan yon fanmi kretyèn. Mwen marye

Mwen fè etid primèm nan (Institution Mixte Jérusalem delmas 31/Centre pédagogique des frères unies/la conquête du savoir.) epi etid segondèm nan (Lycée du Cent Cinquantenaire (Lycée des Jeunes filles, Lycee Nationale de petion ville )
Mwen etidye assistantes administratives et Marketing (USB)/ex étudiante en scs juridique (FDSE)/Artiste/busness women/ event planner /Mc event.

Mwen kòmanse tou piti men mwen plis kwè a 10 zan konsa, mwen pase 2 gwoup , mwen nan 2 aktyelman.
Atis preferem se
* Jorvin keyz
Koral preferem se
* Healing Gospel
* Gospel Kreyol
Karyè mizik mwen te kòmanse nan lane 2018 aprè yon test pressing , mwen gen plizyè mizik deja tankou👇
* A jamais
* Mpaka pa louwe’w
* Tout pou mwen
Kounya mwen gen yon mizik ki fenk sòti 6 Janvier pase a ki titre
* Buisson Ardent
li pa yon senp mizik men se youn nan mizik sou album nou kap prepare pou 2026 la.

Konsey mwen pou tout moun kap swiv mwen yo, Pandan wap tann ,poze aksyon, ou se yon etwal ou fèt pouw briye wap briye nan tanw, lè pouw briye okenn nyaj pap ka bare ekla’w
Pa janm bliye moman BonDye pi bon(le temps de Dieu est parfait).
Sa se lyen mizik Bruisson Ardent al gadel al beni ladanl. https://youtube.com/?si=UaMiK5SnPDZBY6GN

Mwen remèsye LEVANJIL TOUT KOTE kap fe yon gwo travay nan sektè evanjelik la kap konekte atis yo plis avèk piblik la pou konnen yo plis, mwen ankouraje yo kontinye sou chimen sa koz rekonpans yo selès.
Merci paske nou resevwam nan ribrik la ke BonDye kontinye beni nou davantaj.

Epi kontinye konekte ak Samantha Doizin san Fanatik pa gen atis
Mesi pou sipò nou.

Levanjil Tout Kote yon Flanbo nan Milye Evanjelik la.

Photos from Voix des anges - VDA's post 30/12/2025

Se te nan 2e édition concert d'adoration et de louanges ki te fèt 21 décembre ki sot pase a Holy Voice Ministry Voix des anges - VDA DramatizeMe France VizyonLevanjil,

21/12/2025

Èske nou pare pou jodia, pa kite pèsonn moun vinn di nou paske yo pap rakonte nou byen tout sak pral pase a, VDA ap tann tout moun a 3h30 nn legliz Mission Evangelique Baptiste du Dernier Temps, ki chita kòl nn #5, rue Faustin 1er, ruelle Casséus, delmas 41, depiw rive bo ponp total lan, nn wout ki anfas li an rantre la dwat epi legliz la anfas kafou an, vini adore avèk nou, vini bay Bondye Glwa si jodia 21 e ke anyen pa rivem toujou se yon gras e ou menm ki te malad,Bondye geriw,se yon gras, mache ak sèlman 250gdes, timoun yo 100gdes. Ke Bondye beniw.

13/12/2025

Sonje 21 an pa lwen, Map tann Nou tout nan grand concert annuel lan. Vini an foul

06/12/2025

M'ap la, èske wap la?

06/12/2025
Photos from Voix des anges - VDA's post 06/12/2025

Mande braslè paw la pou sèlman 250gdes granmoun, 100gdes timoun

Photos from Voix des anges - VDA's post 06/12/2025

Se la nap ye 21 & 28 desanm, vini adore avèk Voix Des Anges (VDA), Holy Voice Ministry etc... rele nou nn +509 41854049, +509 34 17 2161, +509 31 42 2017, @ , @ , @ ,@ ,@ ,@ , @ , @ , @ , @ , @ , @ , @ ,@ .

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse

#5 Rue Faustin 1er, Ruelle Casséus
Delmas

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 22:00
Mardi 21:01 - 22:00
Mercredi 21:01 - 22:00
Jeudi 21:01 - 22:00
Vendredi 21:01 - 22:00
Samedi 21:01 - 22:00
Dimanche 21:01 - 22:00