SPORT 24
13/12/2025
Bonjour Frm ak Seum yo koman nu ye
mw espere nu anfom nan non Granmet la🙏🏿🙏🏿 e nan non Baden Powell⚜️⚜️
Ti koze nu ap gn pu nu wė maten se:
Eskout yo dwe viv menm jann ak Baden Powel⚜️⚜️⚜️
Yon bon eskout se pa sèlman yon moun ki swiv règ ak disiplin, men se yon limyè ki klere chemen lòt yo. Se nan lapriyè, sèvis, ak lanmou pou Bondye ak pwochen li jwenn fòs li. Se pa inifòm nan ki fè eskout la, men se kè l, lespwi l, ak aksyon l chak jou."*
🙏⛺✨
Bon lajounen Fanmim yo⚜️⚜️
⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️
Ribrik: Ti Pwovèb Lakay la
Prezante pa:Samantha Joseph
Bonjou!Bonjou!Kòman nou ye?Mwen espere ke nou anfòm e nou te pase yon bon jounen ak yon bon nwit.
Se avèk anpil;Lanmou,jwa,
Kontantman,Chalè,Ribrik "Ti Pwovèb Lakay ap antre lakay nou maten an.
⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️
Pwovèb nou pote pou ou jodi a se:
【Se lè van vante ou wè bouda poul】
Kisa pwovèb sila vle di?
Pwovèb la vle di ke:Nou ka wè vrè karaktè yon moun,se lè gen yon pwoblèm oswa yon move sitiyasyon.Moun pa toujou montre sa yo ye lè tout bagay ap mache bien;se lè gen yon difikilte oswa lè yon bagay sòti nan nòmal li moun lan ap montre vrè nati l.
Egzanp:
Yon zanmi ki te toujou la,lè tout bagay ap byen mache,fete,pran plezi,men lè ou nan pwoblèm oswa nan bezwen li pa parèt.
En rezime:ou konnen vrè m
nati yon moun se lè gen sitiyasyon ki difisil oswa ou teste li.
Se te animatris nou Samantha Joseph ki tap anime Ribrik "Ti Pwovèb Lakay"pou nou.m te kontan avèk nou,pa bliye m renmen nou anpil,Koze Eskout renmen ou anpil.Bon Lajounen Tout moun🥰.
⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️⚜️
09/09/2025
*🌍 Ribrik "Tour du Monde" avèk Koze Eskout*
*Destination : L'Italie 🇮🇹*
*Personnalité : Giorgio Armani*
Jodi a, nou mete onè sou yon gwo figi mond mòd la, *Giorgio Armani*, ki kite nou *le 4 septembre 2025*. Se avèk anpil respè nou salye memwa li atravè ribrik sa a.
*Kilès Giorgio Armani te ye ?*
Nè 11 jiyè 1934 nan Piacenza, Itali, Giorgio Armani se te yon *stylist vizyonè*, *designer*, ak *antreprenè* ki revolisyone mòd ak yon stil senp, sofistike e atiran. Li te mete aksan sou distenksyon san egzajerasyon,e li te vin tounen yon senbòl élégance atravè lemonn.
*Travay ak Legliz li*
Fondatè *Giorgio Armani S.p.A.*, li devlope mak li nan plizyè sektè : rad, kosmetik, parfen, mèb e menm otèl. Li te toujou mete kalite, rafinman ak respè pou kò moun nan sant chak kreyasyon li.
*Enpak li sou mond lan*
Armani pa sèlman te kreye rad,li te mete fanm ak gason sou pye egal nan mòd, li chanje fason nou wè bèlte ak stil. Jodi a, estil li rete yon referans mondyal. Li te tou yon moun angaje sosyalman ak filantwòp ki te mete lajan li pou ede sante ak edikasyon.
*Yon modèl pou jèn yo*
Nan lavi li, Giorgio Armani te montre kijan travay di, vizyon klè, ak pasyon kapab fè ou grandi. Se egzanp lanmou pou bon jan travay, senplisite, ak rèspè,valè ki mache byen ak lespri eskout la.
*Yon dènye mo*
Nan moman sa a, mond lan pèdi yon lejand, men eritaj li pap janm efase.
*Giorgio Armani, ou rete vivan nan stil, vizyon ak enspirasyon ou ban nou.*
Ribrik "Tour du Monde" avèk Koze Eskout ⚜️✈️
Rete konekte pou lòt dekouvèt enspiran atravè mond lan.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas