SEKO Clean
22/05/2026
Chak jou, plizyè tòn fatra, espesyalman plastik, kontinye anvayi lari Ayiti, kanal yo ak espas piblik yo. Sitiyasyon sa a pa sèlman afekte anviwònman an, men li gen gwo konsekans sou sante piblik, lavi kominotè ak avni jenerasyon kap vini yo.
Se pou sa, nan SEKO Clean, nou rete angaje pou kontribye nan ramasaj, jesyon ak valorizasyon fatra yo, atravè aksyon konkrè, sansibilizasyon ak pwomosyon ekonomi sikilè. Nou kwè fatra pa dwe rete yon pwoblèm, men kapab tounen yon opòtinite pou kreye travay, pwoteje anviwònman an ak devlope kominote yo.
Jodi a, nou lanse yon apèl bay enstitisyon yo, antrepriz yo, òganizasyon yo ak tout aktè ki angaje nan pwoteksyon anviwònman an pou nou mete fòs ansanm, devlope plis inisyativ dirab epi bati yon Ayiti ki pi pwòp, pi rezistan ak plis responsab anvè jenerasyon kap vini yo. 🤝🇭🇹
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
HT6120
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 16:00 |
| Mardi | 09:00 - 16:00 |
| Mercredi | 09:00 - 16:00 |
| Jeudi | 09:00 - 16:00 |
| Vendredi | 09:00 - 16:00 |
| Samedi | 09:00 - 12:00 |