Vizit Dokte

Vizit Dokte

Partager

18/04/2026

👨🏾‍⚕️ Mesye yo, ann pale klè. Depi l SÈK, li pa bon !

Pandan rapò seksyèl, si ou remake vajen an sèk epi penetrasyon a vin difisil, Pa Fòse. SISPANN. Sa se yon siyal klè ke gen yon bagay ki pa mache byen.

❗ Si ou kontinye malgre vajen an sèk:
- Ou ka blese pwòp PENI paw
- Ou ka fè Fi a mal, kreye mikwo-blesi nan vajen li
- Ti blesi sa yo kapab vin pòt ouvè pou enfeksyon ak maladi grav pou tou de moun yo.

🧠 Men sa pou konprann tou:
Vajen ki sèk ka vle di:
- Fanm nan pa pare fizikman
- Li pa pare emosyonèlman
- Oswa pa t gen ase preliminè

MESYE, Men kèk reyaksyon NÒMAL e EKLERE w ka genyen 👇🏾
✔️ Pran tan pou reprann preliminè yo
✔️ Chanje anviwònman an si sa nesesè
✔️ Pale ak patnè ou onètman: èske li alèz? èske li vrèman dakò? Èske sitiyasyon an mande yon swivi medikal ? Paske sa ka rive se kò FI a ki pa pwodwi librifyan ase pou favorize yon penetrasyon san doulè.

Konsantman ak plezi se bagay ki fèt a de.
Sèks pa dwe yon aksyon kote se yon sèl moun k ap chèche satisfaksyon. Fòk tou de moun yo ap CHACHE menm bagay la.

👉🏾 Respè, kominikasyon ak konsyans se baz yon bon relasyon seksyèl. Mesye yo, Ann FÈL byen, ak bon KONPRANN.

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
www.vizitdokte.org

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Delmas