Fenyoo Queen
26/06/2021
Yon nwit avè'w
"Epizòd #23"
Ecrit par: Kaira Kira ✍✍✍
Facebook: Kaira Kira
Instagram: Kairakiraa
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎
Gaddy: (dous) Je t'aime Kai😍
Kaira fèmen jel ki met men'l sou kèl, Gaddy ap gade'l san rann li kont dlo koule nan jel.😭❤
Kaira: Je t'aime aussi Baby 😍
Gaddy rale'l pou'l rantre nan bral...
Kaira: M renmen'w Ray men siw kontinye konsa wap rete kèm beb☺
Gaddy: M pap fè sa love
Kaira: Bay manmi yon bizou
Gaddy souri li bol... Kaira souri
⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕⭕
Nadine: Vin banm afèm papi
Jeff: Epou Victor te tandew..
Nadine: Ki mele'm sam bal regle pou mwen..
Jeff: Epi'w pran pòz ou renmen'l lèw lòt bò a
Nadine: Saw te fè? Nèg la ap fè ti kòl di li pa vle koucheavè'm men'm..
Jeff: Ou pa di nèg la respekte fanm moun..
Nadine: Ki respekte sa, m abiyem byen bèl pou li, nèg pa men'm okipe'm alevwa pou'l rèd 😫
Jeff moute sousil 🤨 Epi'l pandye Nadine sou kabann nan...
🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴🔴
Damien: Saw genyen wap gade'm nan
Dania: Jem se pou mwen non
Damien: Li pou ou men gen bagay ou paka gade..
Dania: Bagay tankou?
Damien: Mwen men'm
Dania: Ou tèlman lèd tou😂🏃♀️🏃♀️
Damien ri paske'l te atann ak repons lan😀
🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩
Kira: Ou pa rele Nadine men'm
Victor: Sam fè'l
Kira: Pa bliye ou marye avè'l.
Victor: Se ou k konn sa
Kira: Kòman c mwen k konn sa... ou konnen ou pa dwe nan pil fanm..
Victor: Madame Kira, m pa granmoun e anplis Bondye fè m pa gen move ten, gade'm byen pou'w wè, sim pa al nan lòt fanm se mwen k pa vle, alors kite Nadine jwi lavi'l epi mwen men'm map li ak fanmi'm pitit mwen janm kapab...
Kira pa konn sa pou'l di..
🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴🔵🔴
Isaac pase al mete Valentina lakay li apèn lap vire konsa..
Valentina: Konsa ou prale a?
Isaac: (souri) Wap banm yon bagay
Valentina: Non sèlman ou fin kouchem, ou vire dow ou pa banm yon goud men'm..
Isaac: M pa papaw non
Valentina: Anh se konsa, ou pranm ou fèm pati avè'w ou kite fanm ou an ale, wal pase ray ou a sou mwen ou vin ak tout andanm wi Isaac, epi se konsa ou chwazi imilyem..😭😭
Isaac: M bretew, ou te chwazi ale ou fè kòm sil pat bon pou ou tou, epi se fanm ou ye, ou te ka di ou pa prale tou..
Valentina: Isaac m pa gen anyen pou'm manje la😭😭
Isaac fouye men'l nan pòch li epi'l lonje mil goud ba li..
Valentina: Sa mil goud ka fè pou mwen
Isaac: Wap pran'l oubyen?
Valentina pran'l, Isaac vire dol lale..
👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑
Kaira: Kounya Kite'm al fè manje a beb...
Gaddy: 1 minit beb
Kaira: Ou bliye siw grangou... ou konnen depi'm ret kouche sou ou dòmi ap pran'm..
Gaddy bol..
Kaira: Talè wa tande se mwen k dezòd la..
Gaddy: Ou pa dezòd ou kaprisyez 😀
Kaira twazyel Gaddy ri
Gaddy: Map vin jwenn ou talè..
Kaira: Ou pap ka desann anba non
Gaddy: Sak fè sa?
Kaira: M pa vle..
Gaddy: Map vin ede'w...
Kaira: Pa jodia
Gaddy: Map vin admire'w alors..
Kaira: Map boule 😀
Gaddy ri 🤣
Gaddy ap chache sandal li, Kaira gentan kouri fèmen pòt la.... Gaddy souke tèt li..li ri😀
Gaddy: Beb
Kaira: M renmen'w 😀
Gaddy: M mele ak ti bebe lala m nan, men madanm nan fèmen'm anndan wi😀
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤
Tòk tòk tòk
Gina:🗣 Nadine Nadine
Tòk tòk tòk
Gina pa jwenn Nadine li voye jel nan vit la li pa wè Machin Nadine nan, nan garaj la... li pran telefòn li, li sonel..
Nadine: Kite telefòn nan sone, vin kontinye
Jeff: Pran apèl la chérie
Nadine: Ah Alô
Gina: Nadine m vin kote'w m pa wè'w, m ka tann ou..
Nadine: Non ou pa bezwen tann mwen Paske'w pap wèm ankò..
Jeff pase men'l nan kwis li, Nadine fè ss ayy
Nadine: Saw te panse Gina m ta pral lonje kòb la na ou konsa...
Gina: Anh se nan eta sa ou te ye la..
Nadine: Nan ki eta ou wè m ye..
Gina: M nan boudaw Nadine, kòb mwen an pap pase konsa e se si wap peyel trè chè..
Nadine: Nap wè sa, bèf ki gen ke pa janbe dife tande byee😏
Kèk tan aprè
Tout moun yo chita yap manje...
Bendy: Kòman vi santimantal la ye Damien 😂
Damien: Ou pap vin kòmanse non..
Bendy: M gentan santi vi santimantal Gaddy dwat 😂
Gaddy: Ou pap bliyem men'm 😀
Bendy: Kote'w konn wè Frè bliye Frè yo, m pap fè erè sa.😃
Damien: Bon sa sa😆
Bendy: Ou renmen'm la..
Damien: Ak ki kè?😀
Bendy: Ou pa renmen'm Ga
Gaddy pa reponn
Bendy: E sa m konnen se mouri wap mouri pou mwen
Tout moun yo tonbe ri 😂 Kaira manke trangle nan kenbe ri😀
Gaddy: M genlè ap voyew anba wi..
Bendy: Lanmou an pwès Jezi 😆🏃♂️
Gaddy: Ou pat rete😀
🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩🤩
Isaac rantre ak malèt li nan men'l, la'l kontre ak papa'l ...
Nathan: Ou resi vini an
Isaac: Mèwi
Nathan wè Gina ap vini deran dlo nan jel..
Isaac: Saw genyen manmi
Gina: Nadine pati ak kòb mwen an..
Isaac: Pou sa wap kriye Manmi
Gina: E Kaira ou pa jwenn li?
Isaac: Manmi se Gang ki te vin pran'l nan men'm, m bat yo byen bat yo pat ka mache men'm Kaira te gentan sove ki fèm pat gentan pran'l... lèm diw m bat nèg yo, m ba yo nan gou Jezi 😠
Gina: Bon yo gang ou bat yo Isaac?
Isaac ap gade manman'l 😧
Isaac: M gen zam ou bliye🙄
Gina ap gade'l li pa konprann li, Nathan gade Isaac ki prale li gade Gina epi...
ASWIV...
Pa bliye Like👍 comment👇 e 👉pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a👇..
M renmen nou anpil guys😍😍❤❤❤❤🤩❤❤❤❤
16/06/2021
Moun nan jis gade'w li diw: ah ou men'm ou pap janm anyen nan viw... ou men'm wal kwè ou pa janm avanse, ou ret la ou pa pral nan kou, ou pa al lekòl ou pa al okenn kote.
Sa vle di li diw pap janm anyen ou tou pwouvel sa vre..
Madanm leve pou'w al bay moun ki te diw pap janm anyen repons tande..
Leve pou'w al bay moun ki te sal nonw lan repons tande..
Leve pou'w al bay moun ki diw se kay moun pou'w wè timoun nan repons tande (Kote jenouw)
Leve leve leve..
Se pa repons pou'w al bay moun nan non, men pran bal ou fo, aprann leve bonè rantre ta... aprann yon bagay al lekòl, mete tèt ou anplas travay an silans epi kite silans ou leve'l nan dòmi..
Pa gen okenn fason ou ka aprann siw pa poze yon aksyon..
Twa fason ou ka rive reyisit nan lavi'w se..
Travay Travay Travay
Dèfwa wap santi'w ta rete ou pa fè anyen wap santi'w fatigue men panse ak sa moun nan te diw la epi wap leve, Deteminasyon se pa moun ki bay li, se ou k bay tèt ou li...
Travay lèw reyisi pa bliye remèsye moun ou te pran pou èlmiw lan, moun ki te fèw wont lan, moun ou te vle moutre ou kapab la MÈSI... Paske'l te meprizew..
Aksepte desepsyon ak imilyasyon yo pou'w ka fete fèt aksyon de Gras demen...
11/06/2021
Yon nwit avè'w
"Epizòd #17"
Ecrit par: Kaira Kira ✍✍✍
Facebook: Kaira Kira
Instagram: Kairakiraa
Gaddy: Ou oke dou
Kaira fè wi ak tèt li de jel fèmen, paske dòmi nan jel..
Gaddy souri li bol nan fwon epi'l mete'l kouche...
🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮
Dania: Se konsaw rete san mayo..
Damien: Sa deranje'w
Dania: Pou'l ta deranje'm men'm..
Damien: E ou men'm esprèw fè ak pantalon sa..
Dania: Bon sa pantalon'm fèw jis kote'l ye a...
Dania santi je sou li, li vire li wè Damien kap gade dèyèl...
Dania: Ou pat bezwen dim pantalon an se pou'w te dim dadam pito, deregle🚶♀️🚶♀️
Damien ri😄
Valentina: Leve Isaac
Isaac kouche até a li pa konn moun, Valentina ap soukel, kòl pa souke men'm... Valentina al pran dlo..
Valentina: Isaac yo diw leve wap fè grimas frenk leve..
Valentina chavire gode dlo nan figi'l, Isaac vap li leve..
Isaac: Yo ale..
Valentina: Kiyès?
Valentina: Syèk mesye yo ale, tchuuips m pansew te vo yon bagay wi mwen..😏
Isaac fòse leve li rantre li pran telefòn li..
Kling Kling Kling📲📲📲
Kling Kling Kling 📲📲📲
Nadine gade li wè se Isaac li pa pran apèl la..
Nadine: Sam gen pou'm di avè'w, ala de koze, m fin jwenn kòb mwen sa lap vin rele'm pou'w fè... Bon kot Victor li men'm li pa janm vini an... li kite'm nan yon kay mwen...
Victor: : M pa kwè'w pou kont ou si tout lajanw yo la avè'w..
Nadine: Ou konn sak pase Victor pa anmègdem tande..
Victor: (rele) Nadine Santana kontwole bouch ou, m pa timoun ki ret avè'w konn kijan wap pale avè'm..
Nadine sezi li tranble..
Victor: Siw panse se paske m pa diw anyen an, ou panse m baw pye sou mwen, reflechi toujou e siw vle tounen lopital sa ankò, ou prale..
Victor vire li pran machin li epi'l pati..
🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮
Damien, Gaddy Dania epi Bendy chita ap prepare yon bagay pandan yap tann yon bagay tou..
Bendy: Kote'w prale...
Dania: M paka chita yon kote tout je sou mwen kòm si m fè pete nan legliz, ki koze sa😀
Gaddy: Depi Kilè'w pè moun..
Mesye yo pa gen vant pou yo ri..
Dania: Na rele'm, mal dòmi..
Damien: Tann mwen😄
Dania: Se pa sam vin fè la Blofè 😄🚶♀️
Bendy: Men yo gentan ap rele'w Blofè..
Kaira ouvri jel li wè'l nan yon lòt chanm li desann kabann nan li sòti deyò tou ap bite...
Gaddy wè lap mache tou bite..
Gaddy: M pat kite alkòl anndan non😀
Kaira: M sou koulè'm..
Mesye ri 😄
Toc toc toc
Bendy: Mete nou prè pou'n fin ak moun nan... Tout moun sou mouvman Kaira chita dèyè sofa tou dousman..
Bendy ouvri pòt la tou piti, li kouri
Damien: Saw gen la
Victor pouse pòt la li rantre, li jwenn zam brake tout moun sou mouvman...
Victor: Oh oh ki bagay sa 😂
Mesye paka kenbe ri... men se Kaira ki fè kòl fè yon ti boul dèyè sofa..
Gaddy: Eskize nou mesye Victor
Victor: Ou pa bezwen eskizew gasonm😄
Kaira parèt li wè papa'l li sòti dèyè sofa...
Kaira: Papi😂
Victor: Oh oh... non non la se twòp fim nou gade😄
Bendy gentan jis anlè a li kouche...
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤
Nathan: Nèg la fèm konnen se swel..
Gina: Kisaw dil?
Nathan: Kisaw te vle'm dil, ou te nèg sa touye'm l..
Gina: Ou pa manke pa lach tou papa..
Nathan: Mwen ou te wè la🚶♂️🚶♂️
Gina: Bon sa sa😏
👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑
Victor: Ou pap desann anba ankò non...
Kaira: Poukisa papi..
Victor: M panse lap pi bon pou ou siw ret isit ke kot Nadine nan sinon janw te dim nan wap fòl, Dania ap moute al wè manman'l lè'l sot lekòl lap vin jwenn ou isit la...
Kaira: Ok papi..
Victor: Kounya pou'w chwazi yon lekòl isit la ou renmen, gen de gran lekòl nan sant la...
Kaira: Map fè sa demen papi..
Victor: Ou pa dim siw dakò non..
Kaira: Depi Damou la epi wap vin wè'm pa gen pwoblèm..
Victor: Aprè sa ou renmen kay sa?
Kaira: M poko wè'l men'm wè m renmen'l..
Victor: Ok chérie..
👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒
Isaac: Ou pa tande nèg la dim kenbe bèk mwen..
Valentina: E ou pèl?
Isaac pa reponn
Valentina: Anh ou pè nèg la..
Isaac: Ou poko dim pouki ou te pran malèt ou lè nèg la te parèt la kiyès ki papi cheriw la?
Valentina paka di anyen..
Isaac: Kiyès ki papi cheriw la m mande'w wi, ou konn nèg sa?
Valentina ezite
Isaac: Valentina ou konn nèg sa?
Valentina: Lèm te diw m gen yon lòt moun mwen renmen an se te li men'm... ou satisfè?
Isaac sezi😱
ASWIV....
Pa bliye Like👍 comment👇 e 👉pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a👇
Mwen renmen nou anpil 😍😍😍❤❤❤❤❤
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.