Taskafe
11/07/2026
Kreyòl
Istwa li bèl
Li kreye nan mawonaj
Nan lide pou bosal
Nèg nago ak kongo
Kominike ti parabòl konplotaj
Nan dègwenn je vèt kolonbo
San li
Nèg ginen,nèg nago
Dawome,nèg kongo
Nan bwakayiman pa t ap ini
Pou esklavaj aboli
Li fè nèg nwè pa bèbè
Li banou libète lapawòl
Li fè lepri tout nèg wè klè
Pou fè 1804 Li jwe gwo wòl
Li apran nou plenyèn doulè n
Nan mawonaj anba mapou
Li apran nou chante mizè n
Anba bèl kout tanbou
Li aprann nou defann dwa n
Lè entèlektyèl loksidantalize
Foli ekriven,powèt fransize
Avoka,medsen
Joudalis,folitichyen
Ki toujou kolonize
Vle vinn pase lang manman n ak papa n anba pye
Li banou fòs sou lang nou
Pou n te kriye viv libète
Men aprè endepandan nou
Nou trayi l nou voye l jete
Nan lekòl
Nou entèdi l
Nou sanksyone tout tyovi eritye
Pou yo pa pale kreyòl
Nan 6 gran peyòd literè
Se 2,3 ekriven,powèt,romansye
Ki mansyone l sou kèt fèy papye
Menm lè pyonye
Trayil sou ak endepandans
Pandan li se pi gwo kout Kanno libète
Li redi l fenn fè istwa
Men nou vann li pou franse
Yo trete l lang peyizan
Non Li pa lang sitaden
Yo tou sonje l lè elekdyon
Lè y ap vinn chache pouvwa
Nan men moun mònn dèg bwa
Lè yo finn rive sou chèz la
Yo bliye l nan diskou a
Yo bay 2,3 fraz tèt anba
Pou yo maske verite sou nèg anba
Yo tretel lang mas
Lòt la se lang de klas
Diskriminasyon pa janm fèl fè bèk atè
Paske konnen se lang rezistans
Yo rele l ya bezwen
chak fwa jwet la mal jwe
Sou pèp
Yo voye chache l
Pou vinn rele chalbare
Dèyè entèlektyèl fransize
K ap volè an franse sou do pèp
Kreyòl pale
Kreyòl konpran
A wi li se lang nèg mawon.
**Charmant Fane di Taskafe*
*Tout dwa rezève*
09/07/2026
Tampico ap chache machann ki te bèl jès ou pataje l pou l rive jwen ni
Ede nou jwenn machann ki te bay Nazon Tampico a! 🤩 Nou gen yon kado pou li ✨ Siw konn machann sa a, di nou ki kote nap jwenn li oswa nenpòt detay kap pèmèt nou antre an kontak avèl! 🙏
09/07/2026
Selon des informations recueillies par O-News 1ère, ce marchand ambulant s’appellerait Dieudonné Jonathan. Une personne jointe par notre rédaction affirme le connaître très bien, précisant qu’ils ont grandi dans le même quartier, à Lafossette. Il aurait deux sœurs prénommées Dieuline et Dieula, et une tante chez qui il vivait, connue sous le nom de Mizou. Pour faciliter les recherches, il suffirait de se rendre à Lafossette, dans les environs de l’église adventiste de Salem, avec sa photo. Selon ce témoignage, plusieurs habitants du quartier pourraient aider à le retrouver.
Lisez l'article sur :
O-news1ere.com
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Cavaillon