VAK Fr Domelson
24/11/2025
23/11/2025
Se bagay ki tris😭😭😭 : Fanm ki Pap Lage Rèv Li
Nan yon ti katye kote lavi te konn frape moun tankou gwo vag lanmè, te gen yon jèn fi yo rele Naliya. Li pa t gen mwayen poul te viv, men li te gen yon bagay ki pi fò pase tout richesse sou tè a: dinyite ak yon rèv ki pa mouri.
Depi piti, Naliya te toujou di: **“Yon jou, lap rive. Lap fè lavi sa a tounen temwayaj li.
Men chemen pa t fasil. Lavi t ap teste li chak jou.
Lè manman l malad epi pa t gen lajan pou medikaman, lè lekòl te mande frè li pa t ka peye, lè vant li fè gwo bri detanzantan… malgre tout bagay, li te toujou kenbe tèt li.
Kèk mesye nan katye a te wè nesesite l. Yo t ap vin ak anpil of pou “ede” li… Men chak of te genyen yon pri ki te mache ak blesi nanm** li pat dko. Yo te konn di:
*Cheri, ou bèl, ou entelijant… kite m pran swen ou. Ou pap bezwen fè anyen pou sa
Men Naliya te toujou reponn ak menm fraz la, men ak yon vwa ki te konn tranble paske li t ap lite malgre vye kalamite
Epil fi neg yo, M pap vann tèt mwen pou m rive. Si se pa Bondye, mwen pa bezwen li
Gen yon jou li t ap kriye nan fè nwa. Gen sware li pat ka dòmi paske vant li te vid. Yon jou maten li te mande tèt li si li pa t twò sòt pou l refize sèten chans.
Men chak fwa li te anvi lage, li t ap gade rèv li tankou yon flanm ki limen nan mitan fènwa: *yon ti biznis pou l ouvè, yon lavi ki gen diyite, yon non ki respekte
Apre kèk ane sakrifis, gras ak konfyans li, Naliya jwenn yon ti travay modès. Li pa t jwenn li fasil, men li te fè l ak onètete. Li te mete ti kòb sou kote, chak goud, Li te aprann, li te fè fòmasyon, li pa t pè rete pase lannwit ap devlope tèt li.
Jou a rive kote li te kapab louvri yon ti boutik. Yon ti bagay, men pou li se te yon mirak. Li t ap vann ti pwodui, men sèvis li, souri li, respè li… fè kliyan yo renmen li. Apre yon ane, li double kapital li. Apre twa ane, li te gen de boutik. Apre senk ane…
*Naliya tounen youn nan fanm ki pi respekte nan vil la.
Moun ki te konn ofri li lajan fasil pou pwofitel yo vin pase devan boutik li ak tèt bese. Gen ladan yo menm ki vin mande konsèy li.
Yon jou, yon ti fi vin mande l:
Tati Naliya, kijan ou fè rive konsa
Naliya souri, je l klere ak dlo emosyon, epi di: Pitit mwen… m chwazi soufri ak diyite olye m viv nan wont. Rèv la vo plis pase tout bagay yo te vle ban mwen yo. Si ou kenbe tèt ou, Bondye ap leve w kote moun pa t atann.”**
Depi lè sa a, yo rele li: Fanm ki pa lage a
Paske se pa fòs kò l ki te delivre li, ni bèl figi li, men se fòs kè li**… yon kè ki te kwè nan rèv li plis pase tout tantasyon ki te devan l
Kisaw tap fè devan of sa yo siw te demoisel la, abone pouw jwenn plis istwa
11/11/2025
Yon senp mesi pou yon gwo bn Dye ka debloke'w nan saw ye a
Tout le monde a son mot à dire
eskew te konnen dèfwa moun kap palew mal la, moun kap teke pyew pou tonbe a, moun kap detwi'w la, pa etone siw wè se yon kew rann plis sevis, dèfwa ou menm konn kite afe paw pouw fè pal, poutan moun sa li menm se li kap vann, men pa kriye lew wè sa yo, eskew sonje se te jezu ki tap pran swen jida, se jezu ki tap bal manje, poutan se jida ki livre jezu...
Se te sèvitèw fr Son
eskew gen moun ki trayi'w deja..?
VAK Fr Domelson Send a message to learn more
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Carrefour