Astaroth Saint-Cyr
06/06/2025
📍 Ou remake ti pwen vèt sa sou telefòn ou deja?
🟢 Anlè a dwat ekran telefòn ou an, kit se yon ANDROID 📱 oubyn IPHONE 🍏.
🔍 Ki wòl ti pwen sa ki afiche an jwe ?
🟢 Ti pwen vèt sa (oswa oranj pou iPhone) parèt apati ANDROID vèsyon 12 ak iOS 14.
Li sèvi kòm yon temwen vizyèl 👁️ pou fè w konnen si kamera 📷 oswa mikwofon 🎤 telefòn ou an ap itilize pa yon aplikasyon.
😟 Eske m ta dwe enkyetem lè m remakel ?
Non pa ditou ❌. Li la pou pwoteksyon w 🛡️. Men si w pa t ap itilize kamera oswa mikwo a, epi ou remake li parèt...
👉 Al verifye imedyatman!
🛠️ Kòman w ap fè verifikasyon aplikasyon ki ap itilize kamera oswa mikwo an ?
Trè senp! ✅
📥 Desann ba notifikasyon telefòn ou an
👆 Klike sou ti pwen an
👁️ Telefòn lan ap montre w ki app ki ap itilize kamera 📷 oswa mikwo 🎤 ou an.
06/06/2025
🔥 Eske IA ap sove tan nou oswa ap kontwole lavi nou? 🤔💻
💡 Nan dènye ane yo, entelijans atifisyèl (IA) vin tounen yon pati esansyèl nan lavi nou, menm si nou pa toujou remake prezans li. Soti nan asistan vityèl tankou Siri 🗣️ ak Alexa 🎙️, rive nan motè rekòmandasyon sou Netflix 🍿 ak Spotify 🎧, entelijans atifisyèl yo deja ap enfliyanse fason nou aprann 📚, kominike 💬, ak pran desizyon chak jou.
🔎 IA ka fè lavi nou pi fasil, tankou ede nou jwenn chemen pi kout sou Google Maps 🗺️, detekte fwod sou kat kredi 💳🚫, oswa menm amelyore foto nou pran ak kamera telefòn 📸. Men li soulve tou kesyon sou vi prive 🔐, etik ⚖️, ak depandans teknolojik 🖥️. Lè IA aprann nan enfòmasyon nou kite sou entènèt 🌐, li ka predi aksyon nou 🔍, men èske sa vle di nou ap pèdi kontwòl sou pwòp desizyon nou?
Se yon avansman ki pote avantaj ✅ ak defi ❗. Pandan n ap antre pi fon nan yon mond kote entelijans atifisyèl (IA) gen plis pouvwa, li esansyèl pou nou reflechi sou jan nou itilize teknoloji sa a 🧠, pou l sèvi nou san li pa kontwole nou.
🤔 Eske w pare pou yon avni kote entelijans atifisyèl (IA) ka konprann ou pi byen pase zanmi w? Pataje opinyon w nan kòmantè a 💬.
Il y'a beaucoup d'exemples, mais un seul modèle ; le Dieu tout puissant créateur de l'univers.
18/04/2024
Amen et Gloire.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Adresse
Carrefour