Mitho TV
13/02/2026
🚨 : Yon lejand nan tèt yo! 🇭🇹⚽
Federasyon Ayisyen Foutbòl la konfime: Pia Sundhage se nouvo antrenè seleksyon fanm nou an. Se yon gwo kout loraj nan foutbòl mondyal la!
Pia pa vin jwe, li vin genyen. Men CV yon fanm ki genyen tout bagay:
🥇 2 Meday Lò Olenpik (2008, 2012) ak ekip Etazini.
🥈 Finalis Coupe du Monde (2011).
🏆 Meyè Antrenè sou Latè (Pri FIFA 2012).
🥈 Meday Ajan Olenpik (2016) ak peyi l, Lasyid.
🏆 Chanpyon Copa América (2022) ak Brezil.
✨ Kadefinalis Euro 2025 ak ekip Laswis.
Pia chwazi Ayiti pou l mete eksperyans li nan sèvis talan Melchie Dumornay ak rès Grenadye yo. Lè yon rèn konsa deside pran kontwòl nou, se paske li wè nan nou yon ekip ki ka souke mond lan!
Byenvini lakay ou, Pia! Ann ekri istwa sa a ansanm! 🇭🇹🔥
11/01/2026
🔴SOS🔴 PÈP LA RELE ANMWEY DÈYÈ DIGICEL
Malgre tout difikilte chak grenn Ayisyen ap rankontre nan lavi yo chak jou, Digicel bò kote pa l pa sispann monte plan yo sou kliyan yo. Sak pi lèd la san okenn avètisman.
Depi kòmansman ane 2026 la konpayi a deja pa bay bon sèvis entènèt nan plizyè zòn, sa pa anpeche yo fè sa yo vle san panse ak itilizatè yo.
Pèp la di li pa kapab ankò !
MÉDIA HAÏTI TOUT KOTE
06/01/2026
Dosye TPS pou Ayisyen nan tribinal Washington jodi a selon jounalis Luckson Saint-Vil Journaliste
Ret tann ! 🔴🔥
06/01/2026
Sa nou di lasosyete ? MÉDIA HAÏTI TOUT KOTE
27/12/2025
Chak ane, kè w bat ant 36 ak 40 milyon fwa !
An mwayèn, kè yon granmoun bat 60 a 100 fwa pa minit lè li an repo.
Si n fè kalkil la :
anviwon 100 000 batman pa jou
plis pase 3 milya batman pandan yon lavi
San w pa rann ou kont, kè w ap travay chak segond, lajounen kou lannuit, pou fè san sikile, pote oksijèn, epi kenbe w vivan.
Sa se pa ti bagay.
Se poutèt sa sante kè a esansyèl : bon alimantasyon, mouvman, repo, epi mwens estrès.
💓 Pran swen kè w, paske li pa janm sispann travay pou ou.
27/12/2025
💦 Dlo se youn nan bagay ki pi difisil pou jwenn sou Latè !
Planèt nou an kouvri ak 71 % dlo, men se pa tout dlo sa a ki kapab itilize. 97 % nan li se dlo sale, epi nan ti 3 % ki rete a, plis pase 2/3 nan yo bloke anba glasyè nan pol Nò ak Sid.
An reyalite se dlo potab ki ra, e se pou sa anpil peyi ap lite pou jwenn resous sa a pou bwè, plante, ak netwaye.
❗️ Ann sispann gaspiye dlo, paske li pa aksesib pou tout moun… e chak gout konte.
2026 notre année 🙏🏽
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.