ICUH.
15/08/2020
350Ans Okap la pa yon jwèt🙌🏾
🎉BÒN FÈT NOTRE DAME/OKAP/TROPICANA🎉
😊Mwen pap boukante OKAP pou okenn nouvo ZÒN❌
😊Paske nan nouvo testaman an mwen pa janm wè yo ekri nouvo SÒM📚❌
☀🍹PASKE OKAP🍹☀:
Se vil ICUH☝🏾
Se vil Giovanni CASSEUS👑
Se kote moun renmen moun👥❤
Se bale wouze le maten💨💦
Se ti flannen sou boulva👫
Se sinema Versailles📽
Se génie Royal📚
Se ti footbòl⚽,basket🏀 nan katye
Se fica-asc⚽,tropic-septen🎼🥁🎺
Se yon ti benyen Labadie, DuCroix,Kanlwiz ak kòmye🏊🏾🍹🌊☀
Se yon ti joune Sitadèl🏛
Se kouri rive Rival🏃🏾🏃🏾♀
Se jènjan ki renmen bay blag nan vakans ou chita nan baz😂
Se ti program nan lekòl👗👔
Se bon kasav ak manba🥞
Se dimanch abiye fre pou al pale ak bèl tifi👔💁🏾
Se ti krèm lakay bar resto🍧🍦
Se jèn yo ki toujou ap kenbe prestij🍻 e fyète yo
Se bon jènjan,bèl demwazèl😍
Se kote ki gen anpil moun entelijan e plen talan📚💃🏾🕺🏾🎺🥁
Se kote kreyòl la diferan🗣
Se yon ti vil pezib🙌🏾
❤Mwen renmen OKAP'ANM❤
👑👏🏿Verdine Valbrune👏🏿👑
OKAP se kinanm👊🏾
OKAP se kinaw👊🏾
OKAP se kinannou👊🏾
🎉Bòn fèt OKAP❤
🎉Bòn fèt NOTRE DAME👑
🎉Bòn fèt TROPICANA🎼
🎉Bòn fèt RADIO CITADELLE🎛
🎉Bòn fèt TELE CAPOISE🖥
👊🏾
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.